Èske Aksyon èkstrèm dwat Jeb Bush se bagay kap kraze sistèm konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan Eta Florid la?

Moun ki andomaje nan travay ap fè fas ak yon gwo pwoblèm sou zafè dwa yo genyen anba sistèm konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay nan Florid depi kòmansman’l nan ane 1935. Kèk nan peryòd sa yo te pi mal pase kèk lòt. Sepandan, pa gen yonn ki te ka pi mal pase tan Jeb Bush te sèvi kòm 43èm Gouvènè nan Florid soti nan ane 1999 rive nan 2007, ansanm ak yon chanm Depite ak Senatè ki te anba kontwòl Repibliken yo. Ansanm, yo te kraze sistèm lan.

Apre plizyè ane nan enjistis ak soufrans, li sanble yo pral kòmanse rekòlte sa yo te simen.

Anvan Florida te vini ak sistèm konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay la, pou yo te peye yon anplwaye ki andomaje pou jou travay li te pèdi epi pou ba li benefis medikal, li te bezwen bay anpil prèv aksidan te rive akòz neglijans travay la. Sa te yon tèt chaje ke lwa leta te rann pi difisil toujou sitou si yo te gen kèk prèv anplwaye a pat pran prekosyon oswa li te aksepte travay nan kondisyon ki te ka kreye pwoblèm sa yo. Sistèm sa te akoz anpil anplwaye pa resevwa benefis. Sistèm sa pat nan benefis konpayi travay yo tou ki te fè yo pase anpil tan nan pwosè.

Solisyon an se te konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay. Sistèm sa te pèmèt moun ki andomaje nan travay jwenn bon jan benefis byen rapid nan espwa wap retounen travay ankò. Konpayi travay yo benefisye tou paske yo te kapab gen yon ide sou depans yo ka fè avèk pi gwo sètitid epi yo ka evite pèdi anpil lajan lè yon anplwaye ki andomaje rele yo nan leta.

Tou de bò yo te dwe bay kèk bagay vag pou yo te ka jwenn avantaj sistèm lan ofri, tankou jan koze a di “grate do’m, map krate pa’w. (Quid pro quo.)

Fason sistèm lan te etabli nan kòmansman te bon. Malerezman, konpayi travay yo ki tap veye enterè pa yo sèlman te fè tout sa yo kapab pou limite dwa ak benefis ki disponib pou anplwaye andomaje sa yo. Moun nan chanm palman yo kap veye enterè pèsonèl yo vote lwa ki benefisye konpayi travay yo sèlman. Siksè oubyen defèt lwa pou konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay depann sou ki kalite moun ki nan chanm palman nan moman sa.

Depi lè system konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay etabli pou rive Jodi a, nou konstate genyen anpil lwa ki met sou pye ki benefisye anplwaye yo. Ide grate do’m, map krate pa’w la te chanje byen rapid lè Jeb Bush te vin Gouvènè. Depi li te monte pouvwa, Jeb avèk patizan’l yo atake anpil lwa ki nan benefis anplwaye yo.

Kòmanse depi nan konpansasyon, pase sou peye anplwaye pou jou travay yo pèdi pou fini sou benefis medikal, tout lwa ki vote sou koze sa yo plis benefisye konpayi travay yo. 2002 se ane ki te pi grav la. Benefis alokasyon ak medikal vini pi piti. Yo krense avoka pi reprezante anplwaye yo pou yo pa kapab ede kliyan sa yo jwenn benefis yo merite.
Yo te selebre gaspiyaj. Chanpay tap fè mikalaw. Jeb Bush tap leve vè nan tout ofis asirans nan Florid.

Aprè douzan ap batay pou bagay sa yo chanje, li sanble solèy la preske leve sou chemen chanjman sa. Castellanos v. Next Door Company, et al., se yonn nan ka ki nan tribinal kounye a ki kapab pote chanjman sa. Pwoblèm ka sa ap eseye rezoud se zafè frè pou avoka anplwaye a. Fòmil legal nan seksyon 440.34 (1) Iwa Florid yo, sèlman mete sou kote $164.54 pou 107.2 èdtan travay legal ki ka ede anplwaye jwenn benefis li bezwen. Premye Tribinal Distri a aksepte lwa sa, men li prezante keksyon sa bay tribinal lan:

SI FRÈ POU AVOKA NAN SITIYASYON SA ADEKWA EPI KONSISTAN AVÈK AKSÈ TRIBINAL, PWOSÈ , PWOTEKSYON EGAL, AK LÒT KONDISYON KI KONSTITITION FLORID LAN AK FEDERAL.

San fè tròp pale anpil, yon avoka pa ka reprezante yon moun ki andomaje nan travay pou $1.53 chak èdtan. Se pou sa Jeb Bush ak konpatriyòt li yo vin ak lwa sa yo. Rezilta ap gen anpil efè sou sistèm konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay, si pa gen anyen ki fèt pou chanje sa.

Nan dat 13 Out 2014, Jij Tribinal nan Miami-Dade ki se Jorge E. Cueto deklare ke Chapter 440, ki se kò lwa ki fòme sistèm konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay nan Florid, pa konstitisyonèl, pa rapò ak konstitisyon peyi Etazini an. Nan opinyon Jij Cueto, yon opinyon ki gen anpil prèv ki sipòte’l, strikti “grate do’m map grate pa’w” ki te fè valè sistèm lan tounen yon rèv. Anplwaye nan Florid la pa gen okenn lòt altènatif ankò ki rezonab ki benefisye yo.
Twazyèm DCA ak Tribinal Siprèm Florid la ap travay sou dosye a. Si Tribinal Siprèm lan sètifye’l, Florida ap rete san yon sistèm konpansasyon pou anplwaye ki andomaje nan travay. Chanm Palman nan Florid pral bezwen vini ak yon lòt sistèm. Pandan yap fè sa, deblozay ap pete.

Se konsa li ye. Travay pou dwa vakabon.

Bèl Travay, Jeb.

Li atik sa pou ka wè yon lòt egzanp jan sa Bush fè yo pase mal: Pouvwa pou Pèp la!Yo deklare Arbitrary and Capricious Medical Malpractice Damage Caps nan Florid pa konstitisyonèl ————————————-
Rele nou gratis nan nimewo sa 866-785-GALE oswa pa imèl (jgale@jeffgalelaw.com), pou yon konsiltasyon gratis ak konfidansyèl pou’w ka konnen dwa legal ou.

Jeffrey P. Gale , P.A. se yon kabinè avoka an Sid Florid la ki angaje nan sistèm jidisyè a epi ede moun jwenn jistis – pòv, moun andomaje, moun yo bliye, moun san defans. Epi pwoteje dwa moun sa yo kont opresyon antrepriz prive ak gouvènman. Nou pa reprezante gouvènman, konpayi travay oswa gwo zotobre.

Pandan ke rezolisyon pwoblem legal ou an se objektif nou, apwòch nou an fondamantalman diferan. Kliyan nou yo se “moun” se pa “ka” oswa “dosye”. Nou pran tan pou devlope yon relasyon ak kliyan nou yo, paske nou konnen se sèlman atravè entèraksyon siyifikatif nou ka pi byen sèvi yo ak sa yo bezwen. Nan fason sa a, nou kapab pi byen ede moun ki mande reprezantasyon legal.

Contact Information